Sa Kap Fet?

Sit sa a gen 3 gwo bi:

1. Sit sa a ede nou vin pi klè epi pi òganize nan kòman nou fonksyone kòm yon fondasyon. Travay Limyè Lavi dinamik, lap evolye selon reyalite ki egziste nan kominote yo. Nou toujou vle jwen fason pou nou travay ki itil, ki dirab, epi ki mennen nou nan bon rezilta. Sit la toujou ann konstriksyon, ki vle di li poko fini. Tcheke nou tanzantan pou wè ki nouvote ka genyen.

2. Nou okipe anpil. Chak jou nap monte mon, nap patisipe nan fòmasyon epi vizite lekòl, nap rankontre ak moun nan kominote yo pou yo menm kapab vin pi klè epi pi efikas nan sa nap fè ansanm. Nou pa chita nan yon biwo kote li fasil jwen nou. Sit sa ka ede moun konnen sa Limyè Lavi ap fè pou amelyore sityasyon peyizan ak moun majinalize nan peyi d’ayiti, diminye rezon ki fè moun antre nan sistem restavèk la, epi anfen elimine sistem restavèk la nèt.

3. Nou vle bay ou yon egzanp sa nap fè, pou ou kapab, kelkeswa kote ou ye ann ayiti, oubyen nan peyi tankou etazini ou lòt, oubyen lòt kote kòm afrik, patisipe ak nou, nan lit pou nou bay valè ak timoun e tout moun kap chache yon pi bon fason pou yo viv. Nou swete wap jwen lide la kap ede ou konnen kòman ou ka fè sa pi byen. Pa bliye pataje eksperyans ou, ak konteks ou, pou nou kapab aprann nan men ou, tou.